Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Société

Pawòl bèt

Pawòl bèt

Sou zile Latòti, ni ayè ni jodi a, pa janm eseye mande moun pawòl si w pa gen fyèl pou w kanpe dwat, tèlman w  anvi woule atè ak ri. Kòm Latòti se yon pòt ki louvri sou tout lorizon pandan l ap jofre peyi Dayiti, se tankou se nan yon rèv ou ye chak fwa lachans mennen w sou zile sa a.

Nou renmen lè l nannuit, fè nwa kou lank. Chak limyè nan yon bwafouye sou lanmè se pretèks pou rakonte oubyen tande yon listwa. Anpil ladan yo konsène vwayaj, alevini nan kanntè, move nofraj ak gwo bèt aloufa k ap vale kretyen vivan ak Ayisyen ti zòrèy ki twouve latè fèm pa kont pou yo.

Gen moun vini tou. Pafwa kèk grenn, epi ladan yo gen blan tou. Moun Latòti, retire ti milenyòm yo, podyab, sonje listwa yon pè, blan franse, legliz katolik te enstale kòm kire pawas la. Fidèl yo twouve monpè tèlman fè yo kontan, nan pwosesyon, mès an laten, maryaj, batèm, deside fè l kado yon ti mal bourik byen djanm epi ki sot nan bon ras. Paske monpè pa gen ni machin ni moto.

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Société

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre