Apati mwa me 2024 la, gen yon bèl fim ki rakonte lavi ak ansèyman Jezi ki soti. Se sèlman moun ki ofri tèt yo volontèman ki te travay nan bèl pwojè sa a.
Fim sa rele: “Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a.” Li gen 18 epizòd k ap pèmèt nou byen konprann lavi ak travay predikasyon Jezi, e y ap ede n pi byen konnen pèsonaj sa a ak fason li te konn boule ak lòt moun. Anpil moun ap anvi gade premye epizòd fim sa a nan kongrè rejyonal Temwen Jewova yo pou ane 2024 la ki gen tèm: "Anonse bon nouvèl la!" Lòt epizòd yo ap disponib nan kongrè k ap fèt ane k ap vin apre yo.
Temwen Jewova yo suiv egzanp Jezi antanke kretyen e y ap preche nan anviwon 240 peyi ak tèritwa pou yo fè konn sa Bib la anseye gratis. Yo se youn nan pi gwo òganizasyon ki dakò travay san yo pa peye yo pou yo fè piblikasyon ak fim ki baze sou Bib la.
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.