Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Société

Vyeyi se yon trajedi

Vyeyi se yon trajedi

Nou p ap janm gen chans pou nou viv de fwa. E se la tout bèlte lavi a chita. Nan laj jènjan ak jènfi nou, nou lage de gidon. Limyè wouj se rans. Tout kote pre. Pawòl nou san filtè. Nou pa pè chay. Anvan anyen, nou fè kout san. Pasyon, emosyon ak kòlè anpeche nou mare zanmitay ak pasyans. Nan yon bat je, granmoun nan antre sou nou. E se lè sa a, nou koumanse konprann granmoun pa jouman. Konsa, nou vin reyalize yon granmoun ka toujou djougan tou. Depi lavi a pa ban nou yon move kou bonè bonè, granmoun nan pa sispann tenyen je l ban nou.   

Granmoun nan ap pale ak nou atò. Anpil pawòl sajès tounen baton vyeyès nou. Nou tounen lang nou sèt fwa nan bouch nou anvan nou pale. Enben, fòs la ale, esperyans lan rete. Granmoun nan ap pran plas li nan tout pati kò nou chak douvanjou. L ap jije nou. Aksyon nou te poze nan laj jènjan ak jènfi nou ap mande nou regleman. Yo tounen lonbraj nou. Anpil remò. Yon dekalyon regrè. Yon latriye kesyonnman. Antouka, sa ki fèt fèt nèt. Memwa a tounen paswa. Nou pare pou nou padone. Nou pa neglije mande padon tou nan lide pou nou sove nanm nou. Laj la fò sou anpil vizaj. Kèk nan nou tounen pwofesè moral jis pou kouvri echèk nou. Anpil tou ap bay bon konsèy pou sila yo k ap vini an pa tonbe nan twou. Kèk lòt menm ta renmen viv yon dezyèm fwa pou pran revanj yo sou lavi a. Elas, lavi a pa fè moun kado de fwa.

Granmoun nan pa kanmarad moun ki angran.  Pou sila yo ki te jwi lavi yo jan yo kapab, se momam pou yo remize yo, pou yo krab kò yo. Men, pou kèk lòt, sitiyasyon ekonomik yo pa te pèmèt yo viv yon lavi plezi, se nan moman granmoun nan y ap fè jèn moun. Se moman y ap paweze. Yo pouse zèl lannwit kou lajounen. Pa vini yon ti inosan ki pou sove l. Yo pa tande, yo pa wè. Pòch yo tounen bouch yo. Revanch san gad dèyè. Yo detèminen pou sa ki te pase Plèn di nò a pa pase Limonad. 

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

1 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Willienne Augustin

Anpil bel pawol pou nou mete en pratik paske kouran vyeyesse la pas gin frin. Ou pa ka Kache pou li selman si ou ta gintan al vizite baron. Lavi pa Vann kredi, fe sa ou gin pou fe et songe fe li byin poutet pou ou pa regret. Songe make egzistans AK bon action pou ou pa kite det pou sa kap vini. Paske, parole la di bien ou mal generation deye ou yo ap peye ou rekonpanse de sa grandet yo te fe.

À lire également

Toute la rubrique Société

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre