Dyaspora Aldy Castor retounen nan sous la nan peyi Benen
Nan dat Jedi 20 jiyè 2023, mwen te ateri nan ayewopò entènasyonal Cotonou,«Cadjehoun Airport» nan Benen. Ajan imigrasyon yo te bay ayisyen yo bèl akèy “nou kontan nou retounen lakay nou”. Sila nan mitan nou ki genyen paspò ayisyen,menm kote a te tou konsidere tankou Beninen yo te vin tou pa bezwen viza pou antre nan peyi zansèt yo.
Vwayaj sila te òganizasyon pa Asosyasyon Medikal Ayisyen Aletranje (AMHE) pou komemore 220 lane anivèsè lanmò Tousen Louvèti, ewo ki te komanse batay pou libere esklav yo. Nou te preske 300 Ayisyen, pifò nan nou ki se doktè te soti Kanada ak Etazini, nou te fè pelerinaj touris sa ki te genyen pou tèm: « Retounen nan sous nou » nan peyi Benen .
Nan ayewopò entènasyonal Cotonou,"Cadjehoun Airport", sal kote yo remèt vwayajè zafè yo, te sanble tèt koupe ak sa Ayiti yo, bri kawouzèl yo, Potè k ap ofri vwayajè yo sèvis pou idantfye ak pote valiz ki chaje machandiz yo, tout sa yo te fè pandan on ti moman, mwen te lakay mwen nan ayewopò Tousen Louvèti nan Pòtoprens. Mwen soti nan rèv sa pandan n ap pase sou otowout ki louvri nan kat direksyon ki travèse katye rezidansyèl Cadjehoun, se la pi fò sèvis gouvènman ak diplomasi Cotonou yo ye. Modènite ak jan katye yo pwòp te vin kenbe atansyon m.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.