Jounen entènasyonal pou diminye risk ak dezas lè gen katastwòf
Fason Temwen Jewova yo ede nan diminye risk ki makònen ak katastwòf natirèl.
Avèk katastwòf natirèl yo k ap ogmante san pran souf nan lemonnantye, li vin pi ijan ann Ayiti pou yo redui risk ki makònen avèk yo. Jodi a, an mwayèn, gen 400 katastwòf natirèl ki fèt nan lemonnantye chak ane. Men, dapre sa syantifik ki nan Nasyonzini yo fè konnen, pou rive 2030, yo prevwa kantite a ap ogmante pou rive nan yon mwayèn 560 katastwòf natirèl.
Pou ede moun yo pran konsyans sou enpòtans pou diminye dega katastwòf yo lakòz, Asanble Jeneral Nasyonzini an deziyen 13 oktòb kòm jounen entènasyonal pou diminye risk ak dezas lè gen katastwòf.
Pandan jou a ap pwoche, anpil moun ap chèche fason pou yo prepare yo pou yo fè fas ak nenpòt katastwòf ki ta ka menase manm fanmi yo ak vwazen yo. Pou Junior Chéry, k ap viv Okap Ayisyen, atik ki te parèt nan Reveye n! no 5 oktòb 2017 la ki gen tit Kèk konsèy ki ka sove lavi nou lè gen katastwòf te ede l anpil. Peryodik la te site Pwovèb 27:12, ki di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache, men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.”
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.