Kisaw fè pou lasante deja?
Se tap yon bèl egzèsis pou ta eseye veye reyaksyon plizyè kategori moun si yo ta poze yo yon kesyon konsa. Yon pwofesyonèl lasante, yon responsab politik oswa yon senp sitwayen parapò de premye kategori yo ta ka pa reyaji menm jan. Jan kesyon sila a pati a, se kòmsi moun yo kesyone a ta gen yon kèlkonk responsablite oswa obligasyon pou ta fè yon bagay pou lasante. Yon lòt pwennvi ta ka se tankou yo atann pou yon rezon oubyen pou yon lòt yon aksyon pou lasante nan men yo.
Si kesyon sante piblik se dabò responsablite responsab politik yo, se yon travay ki paka posib san pwofesyonèl lasante yo pa antre epi foure ko yo anndan demach la. Konsa tou, li fasil pou konprann si efò ap fèt pou amelyore sante popilasyon an, ebyen kategori sila a gen patisyon pa li poul jwe tou. Nou konprann avèk konsiderasyon sa yo, se nan divès nivo chak grenn aktè nou sot site la yo ap ka aji. Se ta pou plizyè rezon ; aji pou lasante mande mwayen ak lejitimite pouvwa politik bay menmsi se ta yon travay teknik ; konsa tou li mande konsesans, konpetans ak yon lejitimite diplòm ak ankadreman leta bay. Pou popilasyon an li menm, wòl li an pa ta dwe mwens enpòtan pase lòt yo ; men li menm tou bezwen zouti ak yon minimòm konesans poul resewa ak konsome swen lasante pwofesyonèl yo sou lobedyans leta pèmèt yo jwenn, men tou poul konsève sante li ak anviwònman li.
Nan ti batbouch nap fè la a, nou rive yon kote nou dakò lasante nan yon peyi paka zafè yon sèl gwoup moun men pito kolaborasyon plizyè aktè. Nan aktè sila yo, nou pa dwe ogran jamè mete sou kote sila k ap pran inisyativ nan kreye oswa bay lajan pou sant sante, lopital, klinik, laboratwa, famasi, asosiyasyon oubyen nenpòt lòt enstitisyon oswa aksyon nan domèn lasante. Moun sa yo enpòtan anpil e travay yo a otan li itil popilasyon yo li merite kontwòl leta.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.