Radio Pacific 101.5 fm

Éditorial 3 min de lecture

Souvan, anpil panse yo savan!

Souvan, anpil panse yo savan!

Dwa toujou mache ak devwa. E se pa rezo sosyo ki ap vini fè ladiferans. Gen anpil egzanp ki trase, gen anpil pale anpil, ki menm mennen moun al devan kay rakonte, epi pran sanksyon pou pawòl ki di, ki pa makònen ak laverite sou medya sosyo yo. Gen menm bri ki kouri sou kou ki kase, ou byen chaplèt ki tonbe, pou trase ekzanp.

Domaj pou se vyolans ak inyorans, ki vini nan  tout fòm, ki ap domine pami tout langaj Ayisyen  te ka itilize pou edike, pou responsabilize, pou kreye richès ki te ka kreye byenèt pou popilasyon an. Paske pa gen okenn lekòl pou moun al aprann vini enfliyansè, nenpòt ki ti radotè ou byen ransè gen kapasite pou yo pran tèt yo pou savan, nan fè rezo sosyo yo vini tounen yon savann.

Depi kèk tan n ap asiste ak yon modèl demokrasi sou rezo sosyo yo ki mete anpil jenn kou granmoun Ayisyen nan ilizyon yo gen tout pouvwa, pou yo di sa yo vle, san panse tout kominikasyon gen de sans. Ale vini. Menm silans lan se yon langaj.

Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Éditorial

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre