1 / 3
SAINT-JEAN-DU-SUD, Sid Ayiti, 17 oktòb 2026 — Place Plongaye, nan Marseille, Dezyèm seksyon kominal Saint-Jean-du-Sud, anba tèm: “mete liv nan de men m”, te tounen yon fèt liv, espas rankont, konesans, kreyativite ak pataj kiltirèl nan okazyon premye edisyon Saint-Jean-du-Sud ap li, yon inisyativ òganizasyon Plongaye mete sou pye pou ankouraje lekti epi pote liv pi pre popilasyon an.
Aktivite sa a antre nan kad mouvman nasyonal AYITI AP LI, yon pwojè Observatoire Patrimoine (OBPA) ak Salon du Livre et des Arts du Grand Nord, ki gen pou objektif ankouraje lekti nan tout kwen peyi a, devlope aktivite literè ak entèlektyèl nan komin yo, kreye yon bibliyotèk nan chak komin an Ayiti epi kontribye nan konstriksyon yon sosyete kote liv ak konesans aksesib pou tout moun.
Pandan tout jounen an, patisipan yo te gen okazyon asiste epi patisipe nan divès aktivite kiltirèl ak edikatif: vant siyati, distribisyon liv, konferans, deklamasyon tèks, entèpretasyon mizikal, dans, atelye kreyasyon literè, dekouvèt talan, vizit gide ak aktivite touris lokal. Divèsite aktivite sa yo te pèmèt piblik la dekouvri richès literati, atizay ak patrimwàn komin nan, pandan yo t ap ankouraje timoun ak jèn yo devlope enterè pou lekti ak kreyasyon.
Ekriven, slamè, dizè, dansè ak reprezantan divès òganizasyon te reponn prezan pou bay inisyativ la plis jarèt. Pami òganizasyon ki te patisipe yo, te gen Mouvement Haïti Aux Haïtiens (MHAH) ak repreantan li, Romane CHERY, Alternative Culturelle Nationale (ACUNA) ki te gen nan tèt li Jean Andy JEANBAPTISTE ki te pote kontribisyon pa yo nan bèl aktivite sila. Prezans tout aktè sa yo te montre nesesite pou diferan sektè nan sosyete a mete tèt ansanm pou ankouraje lekti, pwodiksyon literè ak valorizasyon kilti ayisyen an.
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.