Radio Pacific 101.5 fm

Culture 6 min de lecture

Gonaïves : Sant kiltirèl Amaranthe ak Tradizyin Vodou Byenfezans lanse pwojè koukou literè « Pawòl Vodou pou Ayiti »

Gonaïves : Sant kiltirèl Amaranthe ak Tradizyin Vodou Byenfezans lanse pwojè koukou literè « Pawòl Vodou pou Ayiti »

GONAÏVES, 15 oktòb 2026 — Tradisyon Vodou Byenfezans ak kolaboratè li yo C3 Éditions ak Sant Kiltirèl l’Amaranthe lanse yon apèl piblik pou envite jèn ekriven, elèv ak etidyan patisipe nan premye edisyon konkou literè « Pawòl Vodou pou Ayiti ». Inisyativ sa a vize ankouraje pwodiksyon literè an kreyòl ayisyen, valorize eritaj kiltirèl peyi a epi louvri yon espas refleksyon sou vodou kòm yon eleman enpòtan nan idantite nasyonal la. Nan kad aktivite sa a, òganizatè yo anonse yon lansman ofisyèl nan dat 17 oktòb 2026, avèk prezantasyon de entèvenan ki pral kontribye nan refleksyon sou literati ak kilti ayisyen an.

Yon inisyativ pou bay kilti vodou plis plas nan literati

Selon enfòmasyon jounal la rive jwenn pwojè sila pote mak fabrik Tradisyon Vodou Byenfezans, yon konkou ki òganize sou tèm « Pawòl Vodou pou Ayiti : ekri lanmou pou Ayiti, respè pou Vodou, memwa zansèt ak espwa yon lòt demen ». Tèm sa a envite patisipan yo reflechi sou relasyon ki genyen ant idantite ayisyen an, eritaj zansèt yo, solidarite, diyite ak avni peyi a.

« Memwa zansèt nou yo se yon pati nan eritaj nou. Nou gen responsablite pou nou konsève li, etidye li epi transmèt li bay jenerasyon k ap vini yo, san nou pa neglije nesesite pou nou reflechi sou reyalite jodi a », eksplike sèvitè Siprèm Gran Lakou Legba, Lahens Honora.

Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture

CEP

Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre