Radio Pacific 101.5 fm

Culture 2 min de lecture

Salon Liv Pòtoprens: enskripsyon pou katriyèm edisyon an lanse

Salon Liv Pòtoprens: enskripsyon pou katriyèm edisyon an lanse

Salon du Livre de Port-au-Prince anonse katriyèm edisyon li pou 11 desanm 2026, nan Hotel Montana, sal Franck, nan Petion-Ville. Otè, ekriven ak editè ki vle ekspoze zèv yo kapab enskri soti 5 oktòb pou rive 5 novanm 2026.

Apre siksè edisyon 29 out ki sot pase a, Salon du Livre de Port-au-Prince ap prepare yon nouvo rankont pou mete liv, lekti ak kreyasyon literè an valè. Katriyèm edisyon evènman sa a ap dewoule 11 desanm 2026, soti 8è nan maten pou rive 4è nan apremidi, Montana, sal Franck, nan ri Franck Cardozo, Bourdon, Pétion-Ville.

Pou okazyon an, òganizatè yo envite otè, ekriven ak editè ki vle prezante piblik la rezilta travay yo pou yo enskri ant 5 oktòb ak 5 novanm 2026. Objektif la se bay kreyatè yo yon espas pou fè konnen zèv yo, rankontre lektè epi ankouraje echanj sou literati ak pwodiksyon entelektyèl.

Atravè inisyativ sa a,  « Salon du Livre de Port-au-Prince » kontinye chèche ranfòse plas liv la nan lavi kiltirèl peyi a. Nan yon kontèks kote aksè ak liv ak pwomosyon lekti rete enpòtan, kalite rankont sa yo ofri otè ak piblik la okazyon pou yo pataje lide, dekouvri nouvo zèv epi bay kreyasyon literè plis vizibilite.

Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre