Atravè yon rankont ki te konsakre ak lang kreyòl la, Sant Kiltirèl Pyepoudre te bay premye kout kle a, ak lansman an, samdi 3 oktòb, pou yon seri aktivite ki antre nan kad « Mwa Kreyòl » la. Ant prezantasyon liv, echanj sou plas kreyòl nan inivèsite ak refleksyon sou pwodiksyon kontanporen an kreyòl, rankont lan te mete lang lan nan tout nawèl deba yo.
Pòtoprens, 3 oktòb 2026. « Lansman Mwa Kreyòl la ». Se nan kad inisyativ sa a Sant Kiltirèl Pyepoudre te reyini, samdi 3 oktòb, nan bibliyotèk li a, plis pas yon trantèn moun ki renmen lang ak kilti ayisyen an. Aktivite a te òganize sou tèm « Lang kreyòl ayisyen an nan pwodiksyon ak sikilasyon konesans nan espas inivèsite yo ». Li te vize poze kesyon sou plas kreyòl la nan pwodiksyon, transmisyon ak sikilasyon konesans.
Rankont lan, ki te prevwa plizyè aktivite, ki te chita sitou sou twa gwo moman. Chak moman te bay entèvenan yo posibilite pou yo pote yon lòt kout je sou lang kreyòl la, literati kreyòl la ak fason yo itilize lang nan nan espas konesans yo.
Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.