RTPacific Contact Avis
 
25° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video

Selebre lang manman nou

Selebre lang manman nou



Lang manman se yon peyi apa. Yon teritwa ou kòmanse apante, vizite tout ti rekwen ki ladan l, tout kachèt depi lè ou poko menm gen bon konesans. Kidonk, lang matènèl se yon espas ki pèmèt moun reve pandan li gen posiblite kwochte ak tout fòs nan idantite yo.

Soti anndan lang manman w se ekivalan pran legzil, pati lwen nan yon lòt peyi avèk obligasyon pou reziye w tounen yon lòt moun. Se toujou yon sitiyasyon ki pwovoke yon pakèt soufrans sitou lè se jefò k ap fèt pou vin pi pre sila yo ki pa t janm gen afeksyon pou ou.

Nan peyi Dayti, nou konn sitiyasyon sa a plis pase yon pakèt pèp sou latè. Depi toujou, gen de lang k ap evolye sou yon menm teritwa. Youn se lang manman, lòt la se sa nou trape nan men kolon an. Epi youn ladan yo konsidere kòm zouti elit la pou l fè rès yo emansipe, jwenn ti kal limyè, asire reyisit sosyal ak ekonomik yo. Konsa lang franse an Ayiti vin tounen yon eskalye pou rive epi enstale w sou tèt sosyete a. Se tankou yo konfonn li ak lakonesans siprèm. Sa ki te lakoz, li pran ansèyman, sèvis piblik yo ak literati an otaj.

Koulye a, nou konprann, ak gwo satisfaksyon, gen yon rekonsilyason san konplèks ki fèt nan sosyete a ak lang kreyòl, lang manman tout Ayisyen. Prèske pa gen wont ankò pou pale, ekri kreyòl nan tout sikonstans. Menm lè, nou rekonèt gen anpil fren toujou. Se vre gen moun ki panse fòk fransè ta dwe disparèt totalman epi gen lòt k ap chèche fòmil pou jwenn yon bon ekilib ant de lang yo, men nou ka admèt, san nou pa pran risk, lang matènèl nou an ap pran plis fòs chak jou ki pase.

Kòm literati se yon bon endikatè sou lizay lang nan yon sosyete, lè n gade bibliyografi ayisyen nan dis ane ki sot pase a, li klè pwodiksyon nan lang kreyòl ap grandi ak tout fòs. Se yon bon nouvèl. Pa twò lontan, relasyon ekriven yo ak de lang yo te poze anpil pwoblèm. Gen ladan yo ki te panse fòk yo travay nan yon lang ki gen plis lektè malgré yo pa vle pèdi nanm kreyòl yo. Gen sa, lakoz eksperyans egzil oubyen imigrasyon volontè, te oblije konfòme yo ak lang prete a. Kòm se ekriven ayisyen sa yo ki jwenn plis rekonesans, kidonk plis siksè, gen ladan yo ki pran sa pou yon konkèt. Konsa tou, gen lòt tou ki viv reyalite sa a tankou yon touman, yon trayizon paske y ap ekri nan yon lang, manman yo ki rete an Ayiti, pa ka konprann.

Nou kwè, nou espere Jounen entènasyonal lang manman ki selebre anpil kote sou latè, sou lobedyans Nasyonzini, ap kòfòte Ayisyen yo nan batay y ap mennen depi lontan pou enpoze epi valorize lang matènèl yo. Antouka n ap pouse bourik nou pi devan. Erezman.

Men, malerezman tou, pandan n ap selebre Jounen entènasyonal lang manman yo, Tinèg, youn nan jenn powèt nan lang kreyòl, youn nan sa yo ki pi sensè nan travay li, nan men atoufè kidnapè mèt peyi. Semèn nan ap kaba, nou poko janm gen bon nouvèl.

Jean-Euphèle Milcé




Articles connexes


Afficher plus [1212]