S'identifier Contact Avis
 
32° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video

Asosyasyon Bonjou lakilti ap fete senk lane egzistans li

Asosyasyon Bonjou lakilti ap fete senk lane egzistans li



Jou ki te 8 jiyè a fè asosyasyon an 5 lane, depi lap bay kilti ayisyèn nan jarèt, nan fè pwomosyon yon seri tradisyon kiltirèl, ki sou wout disparèt, ak sit ak momiman istorik ki gen nan peyi a. Felix Fecius Junior, ki se kowòdinatè jeneral AKBL, ap fè ti koze ak Le National sou kote lide pou kreye asosyasyon an Jèmen, wòl ak misyon li, epi pwojè ki gen pou lane k ap vini yo.


Le National: Ki wòl ak misyon AKBL ?

Felix Fecius Junior : Wòl ak objektif se kreye yon koneksyon ant jenerasyon sa ak ansanm tradisyon kiltirèl nou yo. Sèvi ak lide pou n montre enpòtans kilti nou. Tankou : dans, chan , blag, devinèt, teyat atizana manje lokal nou yo elatriye. Objektif nou : se pou n tounen ak tradisyon nou yo, fè bon jan pwomosyon pou kilti ak lang kreyòl nou. Nou pran nesans 8 Jiyè 2015.

L. N. : Poukisa se Bonjou lakilti nou rele l?

F. F. J. : Ide Bonjou lakilti a li sòti nan yon liv ki rele "Y-Ale" mwen t ap ekri, menm lè liv la nan tiwa toujou akòz mwayen ekonomik. Liv sa pale de ansanm tradisyon nou yo ki fin ale. San liv la poko sòti , mwen pran yon pati andann li epi mwen rele asosyasyon an "Bonjou Lakilti" pou mwen tou sezi momentòm an, depi 2015. Men kòman asosyasyon a fonde nan lakou Pòtoprens sitou nan zafè kiltirèl .

L. N.: Pandan 5 lane, ki sa nou fè nan kominote a?

F. F. J. : Nou reyalize plizyè aktivite pandan 5 lane nou an tankou: Ayiti Dantan, Bonjou liv, Bouyon kiltirèl, Atelye, Konferans, Kozri, Ekskisyon, Envitasyon ak patisipasyon. Partageons les livres ASD-Haïti. Nou fè plizyè sòti tou. Premye a te fèt nan Croix-Rouge Haïtienne 27 dawout 2015, nou patisipe nan inisyativ ki rele Partageons les livres ASD-Haïti nan Kafoufèy 12 dawout 2016 , vizit nan Parc historique da la canne a sucre 28 janvye 2017, Mupanah 25 mas 2017, Chutte Boucan 24 jen 2017, Wynne Farm 30 septanm 2017; Ranch le Montcel 9 desanm 2017; Marchand Dessalines 24 mas 2018; Parc Naturel Quisqueya de Fond Parisiens 30 jen 2018; Fort Jacques et Fort Alexandre 25 janvye 2020.

L. N.: Ak ki ekip nou fè tout travay sa yo?

F. F. J. : Nou gen yon ekip ki gen ladan l: Fecius Junior Félix, kòdonatè jeneral; Nolton Saint Georges, vis kòdonatè; Roberta Gerome, sekretè jeneral ; Marie Routhianie Joseph sekretè adjwent; Fabiola Dactile, trezoryè; Yolette Albert, trezoryè adjwen; Junior Bertrand, konseye jiridik; David Scott Félix, relasyon piblik; Himler Gerome, delege.

L. N. : Kisa nou priyorize nan filyè kiltirel yo?

F. F. J. : Nou priyorize Fòmasyon , konferans - deba, lèza avèk vizit touristic.

L. N.: Kisa ki fè diferans ant Bonjou lakilti ak lot asosyasyon kiltirel yo?

F. F. J. : Diferans lan se disiplin, respè youn lòt ki genyen anndan asosyasyon an, sitou nan ansanm aktivite nou yo. Mesaj ki retounen vin jwenn nou yo pozitif . Se sa k fè diferans pami lòt asosyasyon yo.

L. N. : Ak ki aktivite nou make 5 lane egzistans nou?

F. F. J. : Pou n make 5 lane nou, nou te òganize yon seyans foto, jou ki te 8 jiyè nou òganize refleksyon sou tèm sa: Ann simen lanmou pou lavi boujonnen. Nou debouche chanpay, koupe gato, elatriye.

L. N. : Louvri je nou sou pwojè ak pèspektiv yo kounya?

F. F. J. : Pèspektiv yo : se pote Bonjou lakiti lakay kominote a ak dezyèm edisyon Bonjou Liv, pwojè para-eskolè “Ann tounen nan dantan nou yo”. fòmasyon avèk OPC, atelye atizay, konferans avèk Akademi kreyòl ayisyen, vizit nan Konbit Bibliotèk Site Solèy, ekskisyon Wynne Farm, pibliye premye magazinn nou pou fen lane a, vizit nan Fondasyon Maurice A. Sixto, Nwèl kilti. Kreye yon sant kiltirèl pou fè pwomosyon nou kwè ladan yo. N ap travay sou sit entènèt nou tou. N ap travay san kanpe pou nou reyalize premye fwa atizanal ak manje lakay tou.

Nou gen pwojè pou nou monte yon atelye atizay kote jèn yo ap gen pou aprann sa yo vle tankou makrame, kwochè,kàn va, dans, chan, teyat elatriye.

Nou gen lide fè kan dete pou timoun yo pou nou ekspoze travay atelye atizay la pou ane a.

L. N. : Nou gen yon piblik spesyal nan aktivite nou yo?

F. F. J. : An gwo nou pa gen yon piblik ke nou idantifye tèt nou avè l. Nou ouvè ak tout moun paske son travay nou vle etann sou tout peyi a, fè timoun, jèn, granmoun, andikape, elatriye, konnen enpòtans jwèt tradisyonèl yo. Sa ki te konn ede nou viv byen lontan.

Le National: yon mesaj pou kominote kiltirel ak atistik la?

Felix Fecius Junior: Ann mete fòs nou ansanm ,chak enstitisyon nan jan pa yo, pou pouse kilti ayisyèn nan pi lwen nan monnd ,nan lide pou drapo ka flote tou kote. Linyon va di yo,sa nou ye sou latè.

Eguens Renéus




Articles connexes


Afficher plus [4855]