S'identifier Contact Avis
 
30° C
  à Port-au-Prince
Radio Pacific 101.5 fm - En direct
Le Journal Dernière heure Actualité Édito Tribune Société Économie Culture Diaspora Sport rpacific101.5 FM  
× Immobilier Appartements Maisons Locaux commercial Locaux pour Bureau Terrains Véhicules Voitures Camions Tout Terrains Minibus Motos Divers Animaux Articles ménagers Ordinateurs et pièces Équipement électronique Équipement industriel Équipement lourd Diverses études Légal Bijoux et montres Smartphone et tablettes Vêtements Jeux video

Gérard-Marie Tardieu : « Kreyòl la ofisyèl sou papye sèlman»

Gérard-Marie Tardieu : « Kreyòl la ofisyèl sou papye sèlman»



Gérard-Marie Tardieu se direktè Kopivit laksyon sosyal, li se profesè, akademisyen, gran defansè lang kreyòl, li ekri plis pase 79 liv, liv skolè, liv pou lekti, liv jenès. «Yon sèl lang ofisyèl» se tit dènyè liv li ki sòti nan edisyon Kopivit Laksyon Sosyal. Nou profite poze l kèk kesyon ke li debat sou liv sila k ap prone yon sèl lang kreyòl.


Le National : Ou se otè « Yon sèl lang ofisyèl » yon liv ki chaje kou legba ak tèz pedagojik, syantifik, e kèk esperyans pèsonèl ou viv an tanke akademisyen pou ka propoze kreyòl la kòm sèl lang ofisyèl. Ou pale de abi k ap fèt sou ti moun ki pa lib e libè pou pale lang matènèl yo, ou fè plizyè propozisyon tankou : pou pyès idantite, manda,pèmi kondwi, elatriye ta fèt an kreyòl. Nan paj 172, ou di : « Premye lènmi lang kreyòl la se edikasyon nasyonal » Yo fè ti moun yo abi, Eske w ka bannou kèk rezon ki fè w di sa ?

Gérard-Marie Tardieu : Reyèlman vre se abi yo fè sou timoun yo. Sèke timoun yo gen dwa ki enskri nan konvansyon dwa timoun, yon konvansyon Ayiti siyen, yon konvansyon ki vote nan Asanble nasyonal, donk konvansyon an vin tounen yon lwa pou Ayiti. Lè yon enstitisyon kouwè lekòl yo defann timoun pale kreyòl, lè yo bay pinisyon pou timoun yo ki pale kreyòl, premyeman yo vyole dwa timoun yo. Dezyèman ki fyète y ap bay timoun sa yo la a? Anpil moun ap di wi timoun alèkile, lè yo vin granmoun yo pa genyen lespri sivik, lespri renmen peyi. Kòman w vle timoun yo ap renmen peyi yo, si lang yo, nou aprann timoun yo meprize lang nan, nou fè yo pa renmen lang li. Kòman w vle, demen, pou jèn sa a vin gen fyète peyi a. Bliye sa, lè nou met nan tèt li lang li pa bon, alòske lang li se premye fòs nan kilti li, nou detwi rasin idantite a. Lang li pa bon, se lang blan an ki bon, ou tou fè li konpran se tèt li ki pa bon tou, se kilti li ki pa bon. Mwen rele sa abi ankò sou timoun yo, abi sou kilti nou. Alò se yon gran mirak, lè malgre tout sa, ou rive jwenn lè yo vin gran yo renmen peyi a kanmèm.

Lekòl la, paske li rejete kreyòl la, se premye kote nan sosyete yo aprann jèn yo vòlò. Mwen di sa nan liv la: " Yon sèl lang ofisyèl". Mwen anseye Bèljik, mwen anseye Kanada, (Monreyal, Kebèk), mwen pa te wè timoun pran bèt lekòl. Ti Ayisyen pran bèt paske yo pa konprann sa y ap li a, nan yon lang prete ki pa lang yo. Se yon bagay ki grav, sèke lekòl nou an, li mete nan tèt timoun yo degaje pa peche, ann pran bèt pou nou reyisi. Pran poul, trichri, vòlò se menm bagay avèk koripsyon. Kounye a n ap rele anmwe anmwe nou di men senatè, depite tout ap vòlè lajan peyi a. Ebyen m ap rele fò lekòl nou an, lekòl peyi Ayiti, se yon lekòl kote yo aprann timoun yo depi yo toupiti, yo aprann yo koripsyon. Lè yo pral nan bakalorye a, se nan koripsyon yo prale. Lekòl la se yon lekòl aprann koripsyon li ye. Èske se pa yon lòt kalite abi, kote lekòl la fòme jèn yo nan degaje pa peche. Alò kòman w vle lè yo vin senatè, depite yo pa nan koripsyon? Se yon lòt gwo mirak si ou jwenn Ayisyen ki kont koripsyon, si ou jwenn ayisyen onèt.Mwen di byen fò byen wo premye lènnmi lang kreyòl la se ministè edikasyon nasyonal la. Kouman w vle lè w al nan egzamen 9 èm ane fondamantal, fransè a sou 300 pwen, epi kreyòl la sou 200 pwen. Èske se pa diskriminasyon? Èske se pa bay lang ou an mwens valè, alòske kreyòl la se natif natal nou? Amwenske sa ta chanje lane dènye. Men mwenmenm mwen konnen gen 2 zan se te fransè 300 pwen, kreyòl sou 200. Men se pa sa sèlman, sèke ministè Edikasyon nasyonal abitye bay plis liv sibvansyon franse, distribye plis liv franse. Li achte plis liv franse pase liv kreyòl. E pwopòsyon an anpil se anviwon 18% liv kreyòl, pafwa 20% liv kreyòl, pou 80% liv fransè. Alò ou kapab di m pa genyen yon vakabondaj, yon abi menm sou lang kreyòl la. Pa sou timoun yo sèlman yo fè abi, yo fè abi sou lang kreyòl la, yo diminye lang kreyòl la, fyète nasyonal yon peyi ki pa gen fyète lang li,peyi sa la a li gen anpil pwoblèm, gwo pwoblèm.Ministè Edikasyon nasyonal, ki gen responsabilite lekòl Ayiti, lè li kite se lekòl sa a k ap feraye, li se pi gwo lennmi lang kreyòl la.

Mwen prale pi lwen : se vagabondaj anpil vagabondaj, se eskandal, kote nan ministè Edikasyon nasyonal gen moun se pou Lafrans y ap travay. Yo deside fè Lafrans plezi, mwen pa konnen pouki rezon, petèt se paske yo jwenn avantaj, pou kreyòl la ret anba.Yon lòt konsiderasyon, sèke tout lajan paran yo depanse pou lekòl pitit yo, se kòmsi lavalas pase pran kòb sa yo, bwote jete nan larivyè, nan ravin, rive jouk nan lanmè. Se lave men siye atè. Se ta fasil pou sa ta chanje si te gen volonte.Kreyòl la, pou sa ta mache byen nan lekòl yo, se aplike li jan li ye nan pwogram ministè a, yon pwogram ki la depi sou Joseph C Bernard. Men yo pa sispann aplike l. Yo te kòmanse aplike li epi yo fè bak. Men jan li ye. Se 4 premyè ane fondamantal yo avèk kreyòl anfòs. Men kijan sa dwe fèt: nan premyè ane fondamental se kreyòl nètale pou tout matyè yo, sòf pou franse. Men yo fè fransè oral sèlman. Dezyèm ane fondamental se kreyòl toujou, tout liv yo an kreyòl. Sòf fransè a, kote yo fè yon ti kòmanse fè timoun yo fè yon ti lekti ak yon ti ekriti fransè. Men se 4è franse sèlman ki genyen pou 7è kreyòl. Ofiyamezi timoun yo ap monte 3èm ane fondamantal tout liv yo se kreyòl. Ou gen toujou 4è franse men kounye an se 2è franse oral, inèdtan lekti franse, inèdtan ekriti franse . Kounye a nan 4èm ane fondamantal la li kòmanse chanje ti kras ou kapab fè plis lekti franse, plis dikte franse, ou kòmanse fè yon ti gramè franse. Men kreyòl la toujou la an premye se kreyòl la ki potomitan pou timoun yo aprann tout matyè yo. Men, ministè a vag sa nètale.

L.N : Nan koumansman liv la ou di lèw te ti moun se franse paranw te toujou vle ou pale. Jiskaske ou vin tonbe sou powèm CHOUKOUN pami 100 pibèl powèm nan yon antoloji nan peyi bèljik, ki pwale vin fèw renmen lang kreyòl la. Eske w regrèt yo te konn fòsew pale franse ? E ki dezavantaj ak avantaj sa genyen lè paran yo ap fòse ti moun yo pale franse ?

GMT : Mwen kapab di wi mwen regrèt se te franse lè m te timoun yo te aprann mwen. Dabò mwen regrèt paske pa te gen kreyòl ditou, mande Bondye padon...nan epòk sa a? Malgre mwen ekri plis pase 70 liv kreyòl, mwen regrèt epi m ap di avèk tout imilite mwen santi mwen manke bon jan vokabilè kreyòl.

Mwen regrèt tou paske anverite mwen ta pito se angle avèk espayòl mwen te aprann lekòl. Poukisa? Paske nan rejyon Amerik la se 2 lang sa yo ki pi plis itilize: espayòl avèk angle. Anpil fwa, nan Amerik latin nan, lè mwen al nan konferans pa egzanp mwen al nan anpil konferans pou Eskout, mwen pa konprann anyen. Pafwa yo ba w tradiksyon, men se pa tout lè yo ba w tradiksyon. Se yon kontinan se espanyòl angle, ou gen Repiblik dominikèn, mwen ale men mwen paka eksprime mwen, mwen paka kominike avèk moun yo. Mwen oblije anplwaye yon angle mwen pa fin metrize nèt. Epi patenè ki anfas mwen an oblije ap itilize angle li pa fin metrize li menm non plis. Bon vwazinaj ta egzije dezyèm lang ki ta bon pou nou se ta espanyòl. Mwen regrèt anpil se franse yo te ban nou, wi mwen regrèt.Jounen jodi a akòz Edikasyon nasyonal pa regle anyen serye, nan lesegrennen franse sèl kòk chante, nou gen yon lekòl mwayennaj, yon lekòl tètchaje, yon lekòl tèt anba. Pwofesè k ap sèvi avèk franse a, yo menm yo pa metrize lang sa a. Anpil echèk nan ekzamen Leta. Anpil kòb gaspiye. Timoun yo pa metrize ni franse, ni kreyòl la.

L.N. : Ou di tou nan liv lan, nou dwe fè yon revolisyon pou n dechouke pratik « Pa konn pale ak pèp la nan lang li » Antanke akademisyen ki wòl ou panse Akademi kreyòl Ayisyen (AKA) ta sipoze jwe nan revolisyon sila ?

G.M.T. : Akademi an gen yon wòl enpòtan, paske se jarèt l ap bay idantite nou, paske se fyète nou l ape bouste. Popilasyon an kwè anpil nan Akademi kreyòl Ayisyen an. Ou ta di se yon tè sèk ki t ap tann lapli. Yo t ap viv yon sitiyasyon mepri, yon sitiyasyon esklizyon. Yo santi yo jwenn yon avoka ofisyèl Akademi kreyòl Ayisyen an. Se yon revolisyon Akademi an gen wòl pou li limen nan 4 kwen peyi a.Se yon gran revolisyon sosyal.Yon revolisyon ki pral dezabiye vye mantalite nou. Lontan mwen te konn di, tout moun ki gen foli pwenti bouch yo, foli pale franse ( paske gen moun ki gen foli sa a, kote yon vin rizib menm), mwen te konn di se fil arenyen ki nan tèt yo. Men, mwen t ap bay yon konferans Gonayiv, epi gen yon pwofesè ki pwoteste. Li di non mesye Tardieu, se pa fil arenyen yo gen nan tèt yo, se chèn esklavaj la; si Desalin te retire chenn nan pye yo, li poko retire chenn anndan sèvèl tèt yo. Depi lè sa mwen konvèti wi, mwen dakò ak pwofesè Gonayiv la. Se chenn esklavaj la pou nou retire, pou fè nou konprann se nou sèl nan tout Amerik la, wi se sèl peyi ki kreye yon lang ekstrawòdinè epi lang sa li toupatou sou latè. Se bagay serye, li toupatou sou latè wi, menm nan peyi Chin, kote pi gwo inivèsitè ki etidye lang, li anseye lang kreyòl, andedan yon fakilte. Pa gen okenn endyen nan kontinan Amerik la, okenn endyen nan Kanada, nan teritwa Etazini, okenn endyen nan tout lòt kote yo ki fè lang yo ap vwayaje toupatou sou latè. Nan vil Nouyòk, kreyòl la se yon lang ofisyèl. Franse a, nou renmen an, li pa lang ofisyèl nan vil Nouyòk, ki se pi gwo vil ekonomik nan lemonn. Kreyòl la yon lang ofisyèl nan lakou Nouyòk, nan tout eta Nouyòk la tou li se yon lang ofisyèl. Yo sèvi avèk li nan anpil lekòl Miyami, lekòl Florid, lekòl Nouyòk, lekòl Boston. Alò nou wè kreyòl la, l ap vwayaje nan tout kontinan an. Repiblik dominiken, lame a gen kou kreyòl, Chili katsan (400) polisye resevwa kou kreyòl. Kidonk, kreyòl la toupatou nan tout Amerik la, se sèl limenm ki reyalize gwosè woumble sa wi. Epi nou pa menm gen fyète lang sila a, lang natif natal nou an. Se yon fyète, Akademi kreyòl Ayisyen dwe plante andedan kè tout ayisyen. Akademi an gen pou li sèvi ak sa pou li fè pwomosyon lang kreyòl la. Lwa ki kreye Akademi an ba li pou misyon pran kreyòl la epi pouse li atravè lemonn. Se pou Akademi an fè Ayiti vini motè kreyolofoni an. Men pou li vini motè kreyolofoni an, fòk li genyen obligasyon pou fè kreyòl la fonksyone dabò lakay nou kòmsadwa. Lakay nou, Akademi an gen obligasyon fè kreyòl la sèvi toupatou pou bay pèp la tout sèvis li bezwen nan lang li. Dayè kreyòl se yon lang ofisyèl, dapre Konstitisyon an. Men nan la pratik pou leta se yon sèl lang ofisyèl ki genyen, se franse. Tanzantan yo fè yon ti chap, yo fè yon ti eksepsyon, men lè w ap gade (pa gen manti nan sa), se yon sèl lang ofisyèl ki genyen, reyèlman vre: wi se franse a. Se yon bagay ki pa akseptab ditou ditou ditou. Se wòl Akademi a pou fè yo respekte sa Konstitisyon an di: premyèman kreyòl la se yon lang ofisyèl li ye, dezyèman se sèl lang ki simante tout ayisyen. Se yon gwo revolisyon sosyal Akademi an dwe reyalize. Anverite, gen yon pakèt moun se enterè yo sèlman y ap defann. Depi nan lekòl la yo tanmen esklizyon. Yo pa vle lòt timoun, timoun pèp la ale pi devan. Si timoun pèp la prale devan, pitit pa yo ap gen konkirans. Kidonk, se kraze pitit pèp la nan ba li yon lòt lang ki pa pou li, konsa timoun yo pa konprann anyen. Yo mete pitit pèp la nan yon lekòl pou li pa reyisi, pou li fè echèk.Akademi Kreyòl Ayisyen an gen obligasyon pou fè lang kreyòl la rantre nan lekòl kòmsadwa. Si Akademi an pa travay pou sa, se pral echgèk pa li! Pou timoun pèp ki pral lekòl grangou, ki ta merite gen linèt paran yo pa kapab achte, ki gen maladi alòske paran yo pa kapab mennen yo kay doktè, ki pa gen liv pou etidye. Timoun sa yo, paran yo pa gen lajan pou yo ta peye yon pwofesè siplemantè, pou fè yo konprann tout pil leson nan lang franse a.

Annou mande Akademi an pou li batay pou kraze vye lekòl sa yo, yon lekòl ki ap kreye divizyon menm jan franse a kreye divizyon pami nou. Se kreyòl la ki rasanble nou, se kreyòl la jan konstitisyon an di li, ki se sèl lang ki simante nou reyèlman vre.

Le National : Ou di nan paj 215 « Yon sèl lang ofisyèl pagen rezon pou franse lang ofisyèl ». Poukisa rezon franse pa ta kapab yon lang ofisyèl limenm tou?

Gérard-Marie Tardieu : Malgre Konstitisyon an, se yon sèl lang ofisyèl ki genyen nan reyalite a. Kreyòl la ofisyèl sou papye sèlman. Yon sèl lang ofisyèl. Pa gen rezon pou franse lang ofisyèl. Pa gen okenn nesesite pou jodi a franse ta yon lang ofisyèl Ayiti. Sèlman konplèks nou yo ak prejije nou yo kapab esplike anòmali sa a, bagay dwategòch sa a. Ki bagay sa a? Ki istwa bilengwis sa an Ayiti ? Pouki 2 lang ofisyèl nan yon peyi ki pa bezwen sa? Mwen ta renmen yo bay rezon ki enpòtan pou nou gen 2 lang ofisyèl. Tout Ayisyen pale epi konprann kreyòl san eksepsyon. Alò? Sètènman nou gen yon eritaj dokiman franse depi endepandans nou. Men, sa pa konstitye yon rezon pou nou vle fè peyi a yon peyi bileng, yon peyi ki gen bezwen 2 lang ofisyèl. Pandan tout moun pale epi konprann kreyòl, poukisa pou nou ta depanse plizyè milyon goud pou tradiksyon? Annou reflechi, pou yon peyi pòv ta bezwen peye pakèt lajan pou 2 lang ofisyèl san nesesite... pou “caprices”, pou sansiblite, pou tabli sitirans esklizyon? Poukisa?Pa gen pàn, tout Ayisyen alawonnbadè pale epi konprann Kreyòl. Mesyedam èske nou poko konnen100% Ayisyen pale epi konprann kreyòl? Pouki nou blije pale pou yon ti zwit, zwit kantite moun ki pale franse? Mezanmi sispann bay tèt nou manti. Ala Graham Green te gen rezon. Pou komedyen nou se komedyen tout bon vre. Men se petèt pa fòt tout moun sa yo ki gen konplèks enferyorite k ap toufounen yo lè yo ta pale kreyòl. Li lè li tan pou nou fini ak kesyon sa a: yon lang k ap domine, yon lang ki domine. Annou dechouke vye mantalite sa a. Pouki nou oblije fè Ayiti yon peyi bileng alòske tout moun pale epi konprann lang natif natal la. Nou fè franse lonè vin yon lang ofisyèl, sa ki te kapab, pou sèten moun, yon bon desizyon anfas okipan ameriken an. Men jounen jodi a sa pa nesesè ditou, paske m ap repete tout moun nan peyi nou, tout ayisyen pale epi konprann kreyòl la. Mwen poko kapab konprann lojik franse kòm lang ofisyèl nou toujou. Ki lòt peyi, alòske tout moun lakay yo alawonnbadè pale epi konprann lang natif natal yo a, (sòf si yo ta gen plizyè lang mamman nan peyi a), ki lòt peyi ki gen ase entelijans pou ta chwazi yon lang etranjè pou vini yon dezyèm lang ofisyèl lakay yo? Si sa ta ekziste, mwen ta renmen konnen? E mwen ta renmen konnen ki bezwen yo te genyen pou fè sa?Men, mwenmenm Gérard-Marie Tardieu, mwen pa egare. Mwen pa egare ditou ditou. Kidonk mwenmenm, mwen ta renmen konnen pou ki rezon poulakyèl peyi Ayiti bezwen gen 2 lang ofisyèl? Mwen ta renmen konprann lojik sa a. Ki bezwen sa a? Mwen ta bezwen kèk gwo save pou fè mwen konprann bezwen sa a nou genyen : pou franse toujou rete lang ofisyèl lakay nou, limenm lang franse ki se yon lang prete...alòske nou gen yon lang kominikasyon tout ayisyen konprann.Pouki nou bezwen sèvis lang franse a kòm lang ofisyèl, alòske TOUT AYISYEN PALE KREYÒL, TOUT AYISYEN KONPRANN KREYÒL?Se petèt sèl Sentespri ki ta kapab vini pou desann fè mwen konprann bagay sa a la a. Bagay sa a twòp pou mwen. Ooo! Sentespri, lè w ap vini tanpri, esplike mwen poukisa, lè senatè yo ak depite yo pale kreyòl nan seyans yo nan Palman an, esplike mwen poukisa nan rapò yo fè yo, yo tradwi sa yo di yo nan lang franse. Èske se pa ridikil? Ala komedi, mezanmi. !Nou pa bezwen 2 lang ofisyèl, paske tout moun konprann kreyòl. Nou pa bezwen franse a kòm lang ofisyèl. Sa pral koute nou anpil lajan si nou vle respekte Konstitisyon an pou gen 2 lang ofisyèl. Depi gen 2 lang ofisyèl si nou serye si nou onèt se pou tout bagay ki soti nan leta, tout bagay ki soti nan lajistis, tout bagay ki soti menm nan kontravansyon yo bay yon chofè li dwe fèt nan tou 2 lang yo, oubyen nan lang moun nan plis pale a. Nou pa kapab yon peyi ki pòv pou n ap depanse paske nou pral yon voum lajan pou fè tradiksyon.Nou rele sa ridikil, pwen ba.

Ricot Marc Sony




Articles connexes


Afficher plus [4237]