Accueil » Diaspora » Kwazad Espirityèl Konsèy kominal Taba a, yon kritik politik ak sosyolojik

Kwazad Espirityèl Konsèy kominal Taba a, yon kritik politik ak sosyolojik

08 janvier 2018, 10:03 catégorie: Diaspora1 613 vue(s) A+ / A-

Manm Konsèy kominal Taba.

 

Nan dat ki te 5 desanm 2017 la, Konsèy kominal Taba a (KKT) pibliye sou paj Fesbouk li yon pòs ki rele “Sosyal/Relijyon”. Nan pòs sa a, majistra Nice Simon enfòme moun k ap suiv li sou Fesbouk sou yon kokennchenn kwazad evanjelik l ap òganize nan komin nan. Dapre majistra a, kwazad sa a se pou delivre komin nan kont tout mal ki ka anpeche moun yo byen fete nan peryòd fen ane 2017 sila a. M konsidere desizyon sa a kòm yon pwopagann politik pou ba majistra a plis vizibilite antan l ap jwe sou kòd lafwa sitwayen yo k ap viv nan komin nan.

Premye eleman ki te atire atansyon m nan mesaj majistra Nice Simon an se fason li t ap chache konvenk Pastè nan lokalite a pou anbake nan gwo woumble espirityèl sa a. Pandan tout dewoulman kwazad la, KKT itilize aplikasyon Fesbouk “live” pou fè pwopagann pou aktivite sa a. Pi devan, jou ki te 17 desanm 2017 la, sa vle di dènye swa kwazad la, majistra a fè pibliye yon lòt pòs kote l chanje mesaj la.

Nan dezyèm pòs la, li ta vle fè konprann ke 3 jou kwazad la se te pito inisyativ lidè evanjelik yo. An nou voye yon ti kout je sou 2 pòs yo mezanmi.

“Taba, 05 Desanm 2017:

Prezidant konsèy Kominal Taba-a, Nice SIMON, ap vizite depi kèk jou diferan sektè relijye nan komin lan nan kad pwomosyon lap fè pou reyalizasyon twa (3) jou kwazad evanjelik, 15,16 ak 17 Desanm kap vini la sou plas Hugo Chávez a 4 trè 30 nan aprèmidi. “Taba leve Kanpe, O non de Jezi !” se tèm evanjelik ki kenbe pou òganizasyon gwo womble spirityèl sa. Legliz “Roc Solide” (Pastè Forges), El Elyon (Pastè Max Moïse), legliz Pastè Coulanges blòk Aquafine, (Pastè Gérald Bataille), (Pastè Frinel Joseph) clercine 4, blòk Jedco, (Pastè Cerome) nan Karade se kèk pami legliz ki gentan monte bak la pou reyalize kwazad sila. Konsèy komintal Taba-a, envite tout sektè relijye yo ak tout popilasyon Tabawaz la pou vinn patisipe, lapriyè pou komin Taba, peyi Dayiti ak rès mond lan daprè sal swete pou JEZI kapab kanpe pou delivre ak pwoteje nou kont tout mal sitou pou fèt fen dane yo. Biwo Kominikasyon Meri Taba…!”

“Taba, Dimanch17 Desanm 2017. “ Sosyete/Relijyon” Sou inisyativ plizyè pastè ak lidè evanjelik nan komin Taba, plizyè milye fidèl pwotestan ak relijye toupatou nan Komin Taba te reponn prezan pou te klotire twazyèm sware gwo kwazad espirityèl ki tap reyalize sou plas Hugo CHÁVEZ la nan dat vandredi 15 pou te bout dimamch 17 Desanm lan kote se Konsèy Kominal Taba ki te patwone gwo kokenn chenn rasanbleman espirityèl sa. Se sou tèm evanjelik < TABA LEVE KANPE O NON DE JEZU> nou jwenn nan liv pwofèt Esaïe 60:1 manifestasyon espitityèl sa te dewoule….”

Pou ki sa majistra Simon fè elimine premye pòs la sou paj Fesbouk la, epitou chanje mesaj la? Èske se fè yo fè l konprann ke se pa djòb li pou l itilize pozisyon majistra a pou enpoze lafwa li sou sitwayen nan komin nan? Mwen ta byen renmen majistra Simon pote yon ti limyè pou lektè yo sou sa.

Dapre konesans sosyolojik mwen, epi rechèch mwen tou sou koze relijyon, m vle di majistra a desizyon li pran an se yon demagoji lè li deside sèvi ak non Jezi pou jistifye lamizè ak reziyasyon ki blayi nan peyi a. Li enpòtan pou Majistra a konnen ke Jezi se yonn nan pi gwo kritik kont enjistis sosyal. Nan sans sa a, Jezi pa t ap janm asepte lamizè ak koripsyon ki gen nan peyi a.

Li lè li tan pou otorite politik yo ki jwenn yon manda nan men pèp la konnen wòl yo. M swete atik sa a va ede yo wè pi klè, espesyalman majistra Nice Simon, paske se mesaj li yo ki pouse m ekri atik sa a. Mwen kontre vwa m ak vwa tout sitwayen konsekan pou denonse konpòtman iresponsab majistra a, epi konpòtman manm ki konpoze katèl la tou.

Majistra a pa dwe itilize poziyon li pou enpoze lafwa li sou tout yon kominote. Yon majistra/konsèy kominal pa gen okenn atribisyon pou fè lobby ak pwomosyon pou reyalize okenn kwazad evanjelik/espirityèl.

Fo pa sa yo montre nou ke Majistra Simon ansanm ak tout Konsèy Kominal la pa fin byen konprann responsablite yo. Se pa devwa yon konsèy kominal pou li rantre nan aktivite ede yon gwoup oswa yon lòt nan òganize kwazad, epi sèvi ak koze lafwa yon gwoup oswa yon lòt pou fè kapital politik li.

Yon konsèy kominal bezwen gason ak fanm ki gen konpetans pou fè travay yo kòm sa dwa nan mete bon jan pwogram sosyal ak ekonomik sou pye. Kon sa, sitwayen yo ki abite nan komin nan va rive jwenn bon jan sèvis.

Majistra a dwe konnen ke li se administratè yon antite anndan Leta a, e antite pa li a se yon espas piblik ki gen plizyè kominote ladan “une communauté de communautés”. Kidonk, jesyon yon pòs piblik-politik pa oblije fèt sou baz menm rezònman ki nesesè pou administre yon òganizasyon relijye.

Antan n ap kritike desizyon majistra a, nou rekonèt se dwa li tankou tout moun pou li mache nan yon legliz, kwè nan pouvwa lapriyè tankou nenpòt sitwayen ki deside kwè oswa pa kwè nan koze Levanjil. Men, li dwe klè pou majistra a ke yon komin pa yon tanp relijye, kote moun yo ap tann lapriyè ak yon mirak k ap soti nan syèl la pou rezoud pwoblèm materyèl/terès k ap maspinen yo chak jou. Koze fè kwazad ak misyon evanjelik pou rezoud pwoblèm lamizè, povrete, esklizyon sosyal ak ensekirite nan Ayiti, se yon kansè newo-kolonyal k ap kokobe peyi sa depi lontan. Anplis, li bay moun anndan Leta a okazyon pou kontinye vòlò, piye ak toupizi pèp ayisyen an.

Jan yon Moun vin Majistra nan Ayiti, e sa k fè Nice Simon nan pòs la

Konstitisyon 1987 la di san kache lonbrik ki jan yon moun ka vin manm yon Konsèy Kominal. Atik 63 a di nou se pèp ki abite nan seksyon an ki chwazi moun sa a nan eleksyon. Menm Manman Lwa a di tou lòt mwayen ki ka pèmèt yon pèsonaj vin okipe pòs politik sa a (wè atik 72 Konstitisyon an). Nan sa ki gen pou wè ak Nice Simon, se nan eleksyon li te pase pou l te ka okipe pòs la. Touswit apre viktwa elektoral li, gen anpil komantè ki te mete mank eksperyans administratif ak politik li pou vin okipe gwo pòs politik sa a an kesyon. Fòk nou ta nyanse kritik sa yo. Nice Simon te frekante 2 Inivèsite nan Ayiti (Quisqueya ak UEH-Etnoloji) anvan l te ale Etazini kote l diplome nan Jistis Kriminèl ak Administrasyon Lasante. Konbyen moun kounye a ki majistra nan Ayiti ki gen menm nivo etid ak majistra Simon? Mwen panse nan mitan tout majistra k ap feraye sou beton an, li pami sila yo ki gen plis fòmasyon akademik. Men, fòmasyon akademik se yonn, etik responsablite se yon lòt. Epi, èske fòmasyon akademik pi fò otorite nou yo gen rapò ak pòs yo toujou okipe?

Ayiti se yon peyi kote tout sa yo rele “pati politik” yo an kriz. Enstans sa yo gen anpil pwoblèm pou renouvle pèsonèl politik yo. Yo preske pa pote anyen nan sosyalizasyon ak fòmasyon politik sitwayen yo. Nan sans sa, tout apwòch serye sou fenomèn atis-sipèsta yo ki rive nan gwo pòs politik nan peyi a, ta dwe makonnen ak bon jan analiz sou kriz pati politik yo, ki depi 1986 jiska jounen jodi a ap mayi moulen kò yo anndan espas politik la. Si pati politik yo te travay pou ede n avanse nan yon pwofesyonalizasyon politik nan Ayiti, enben jounen jodi a, nou pa t ap genyen pakèt atis-sipèsta (“political outsiders”) sa yo, ki pi souvan pa gen okenn fòmasyon akademik, pou pòs politik yo ladan an.

Antouka, kite m konsantre m plis sou ki jan Nice Simon fè rive majistra komin Taba a. Jan anpil nan nou konn sa deja, nan kontèks elektoral lane 2015 lan, Nice Simon se yon atis ki te deja popilè nan Ayiti. Li te deja jwe nan plizyè fim, epitou li te fè anpil siksè bò kote atis “Don Kato” (ki kounye a se Senatè Lwès) nan I Love you Anne. Nan menm epòk sa a, nou te deja genyen kèk lòt atis-sipèsta ki te deja ap mayi moulen kò yo nan gwo pòs politik yo. Michel J. Martelly, atis “Sweet Micky” te deja Prezidan peyi a “Tèt Kale”, epi Gracia Delva “Yes aya, ti blada” te deja depite Machan-Desalin. San n pa dwe bliye ke nan menm epòk la, lòt atis tankou Top Adlerman “Wacha kraze m”, Don Kato, Jacques Sauveur Jean “Jackito” ak G. Delva t ap mennen kanpay pou pòs senatè. Donk nan Ayiti, depi w popilè, ou ka okipe pi gwo pòs politik yo, menm si w enkonpetan.

Ayiti, pandan trant dènye lane yo, se yon peyi kote se eslogan ki pa fè okenn sans k ap dikte espas politik la. Kon sa, politik lakay vin tounen yon teyat kote menm aktè yo pa konn ki jan pou yo kanpe sou yon sèn. Nou ka konprann ke an 2015, li pa t vrèman difisil pou yon atis tankou Nice Simon rive majistra. Kandidati l rive nan yon kontèks kote se atis-sipèsta ki t ap mennen nan chan politik la. Manmzèl se yon atis ki chaje ak talan e ki gen anpil popilarite. Anplis, li pi byen prepare entèlektyèlman pase yon bann ak pakèt kòlèg majistra li yo.

Nice Simon pa dwe janm bliye ke l rive nan pòs la, paske nan eleksyon 2015 yo te gen 1727 elektè (tout kalite konfesyon lafwa ak sitwayen ki pa kwè nan Bondye) ki te vote pou li. Se totalite moun sa yo ki fè pati sa atik 63 Konstitisyon an rele Pèp la. Majistra, ki sa w ap reponn elektè yo, si yo mande w “ki lè yo te ba w konsantman yo pou w òganize nan non yo yon kwazad espirityèl pou kouri dèyè malediksyon (grangou, lavichè, ensekirite, salte, pwoblèm wout, elatriye) k ap brase bil yo anndan komin nan?”

Responsablite yon Majistra ak manm yon Konsèy Kominal:

Konstitisyon 1987 la ki te pibliye madi 28 avril nan jounal Le Moniteur bwose pou nou ki sa ki ta dwe responsablite yon manm yon Konsèy Kominal. Manman Lwa peyi a di nou ke majistra a ak manm Konsèy Kominal la dwe yon bon administratè. Sa vle di yon fanm oubyen yon gason ki p ap penyen lage oubyen lesegrennen nan travay l ap fè chak jou nan komin nan. Nan sans sa, fonksyonè a dwe gen kapasite administratif, teknik ak politik pou anpeche ke gwo chabrak (Majistra, Jij, Depite, Senatè, elatriye…) fè moun tout kalte abi anndan komin nan tankou vòlò tè yo, ki se yon pratik ki popilè anpil nan Ayiti. Li dwe lite pou anpeche trafik enfliyans ak tout kalte gabji administratif (wè atik 72- 74 Konstitisyon an). Ajoute sou sa, lè n konsidere ke Meri yo ta dwe gen otonomi administratif ak finansye (atik 66), majistra prensipal la ak adjwen yo, gen obligasyon administratif pou itilize taks sitwayen yo, ak resous ekonomik yo gen nan men yo pou repare/konstwi wout, lekòl, sant sante, mache ak plas piblik, netwaye tourego, elatriye… pou moun anndan komin nan ka viv ak diyite.

Men, yon moun pa bezwen gwo save, epi li nan lèt fen pou konprann ke yon majistra pa dwe rantre nan òganize kwazad, fè pwopagann pou lafwa ak konviksyon relijye li pou l fè travay sa yo ki rantre nan kad responsablite li. Majistra a touche pou l jere komin nan nan enterè tout moun kèlkilanswa kwayans yo, anplis li benefisye yon pakèt lòt privilèj ki asosye ak fonksyon an. Pou m pi klè toujou, m ap di ke moun anndan komin nan, pa bay nivo lafwa relijye majistra a pote gaz brikè pou yo.

Pou fini, nan mwa Jiyè 2017 la, m te pase anpil tan nan komin Taba a. Mwen te vrèman sezi wè jan komin nan te lèd, e sa te fè m wont anpil. Majorite wout ki anndan komin nan pa asfalte. Pa gen limyè. Fatra monte pil sou pil. Kite m tou pwofite ak rive ane 2018 la tou swete majistra Nice Simon fòs ak kouraj, epi mande li tou pou travay ak lòt majistra ki pwogresis pou leve eskanp figi komin nan. Majistra, pa ezite mande moun ki kalifye konsèy pou ede w nan administrasyon komin Taba a, epitou chache mwayen pou rezoud pwoblèm terès moun nan lokalite a. Tanpri, pa kontinye itilize pouvwa espirityèl pou chache detounen atansyon moun yo, alòske pwoblèm materyèl ap depafini ak majorite sitwayen yo ki te vote pou wou.

Patriyotikman!

Dr. Jean Eddy Saint Paul,

Sosyològ,

Direktè Enstiti Rechèch sou Ayiti,

CUNY-Brooklyn College, NY.

Comments

comments

scroll to top