Accueil » Culture » Ki plas Dieudonné Fardin nan literati kreyòl ayisyen ?

Ki plas Dieudonné Fardin nan literati kreyòl ayisyen ?

24 mai 2018, 7:38 catégorie: Culture8 033 vue(s) A+ / A-

Ekriven enpi editè Dieudonné Fardin./Photo : Signal.fm.

 

Se pa sèlman paske Dieudonné Fardin se envite donè « Livres en folie 2018 » ki rechofe volonte m pou m pibliye tèks sa a alèkile. Se yon lide ki fè plizyè lane ap dodomeya epi grandi nan lespri mwen, kòmkidire ti pye zoranj Ti Soufri te pran san l ak nanm li ap wouze a jouk yon jou li pote fwi. Premye fwa mwen rankontre Dieudonné Fardin se te nan kòmansman lane 2014, nan kad preparasyon FLANOH (Festival du Livre et des Arts du Nord-Ouest d’Haïti) mwen t apwal inisye lakay nou, nan Nòdwès. Palasuit, literati kreyòl, Le Petit Samedi Soir, kreyasyon Bibliyotèk nan Nòdwès, lavi li sitou se kèk nan pwen ki toujou fè varevyen nan latriye lòt rankont nou vin genyen.

Kisa mwen kapab di sou Dieudonné Fardin moun pa konnen ? Di non ki nan batistè li se Louis-Marie Benoit Pierre oubyen di li gen ti non jwèt, Ti Benn ? Non. Bri kouri nouvèl gaye, bon non ak ti non jwèt Dieudoné Fardin pa yon sekrè pou pèsonn. Alewè pou m ta antre nan lojik jakorepèt pou m di Ti Benn fè pati gwoup jèn dinamik sila yo ki bay jeneral Kapwa Lanmò, nan lane 1960 yo, premye estati li nan pwòp vil li, Pòdepè. Yo te inogire estati sa a anba je tout gwo zotobre Leta a, anba je Leta a ki pa janm fè anyen joukkensi nan depatman Nòdwès pou savalouwe memwa kitanago gason sa a ki te goumen ak tout san l, bò kote anpil lòt vanyan pou te reyalize 18 novanm 1803. Editè, ekriven, powèt, zanmi liv, tout moun konnen sa yo deja. Men kisa ki nèf moun pa di, moun pa vle di, moun pa renmen di sou Ti Benn ki nesesè mwen kapab di ?

Alapapòt, mwen rekonèt pale de yon grandèt tankou Fardin, ki gen plizyè chapo e, sitou, ki nan yon jenerasyon ki trennen dèyè l 2 jenerasyon anvan n jwenn jenerasyon pa m nan, pa yon jwèt fasil ni yon travay alavavoup. Men, ki pi bèl rezon jenerasyon ki vini anvan nou yo t ap genyen pou poze bèl aksyon si yo menm yo pa rete imòtèl atravè aksyon osnon travay sila yo ?

Nan tèks sila a, mwen vle soulinye sitou kontribisyon wòdpòte Dieudonné Fardin nan devlòpman literati kreyòl ayisyen alèkile a non sèlman kòm powèt, men tou kòm editè. Genyen yon tradisyon madichon nan peyi isit ki vle, lè y ap pale de yon ekriven ayisyen ki ekri nan 2 lang ofisyèl peyi a, yo pran plezi mansyone sèlman travay li fè nan literati frankofòn peyi a san mete aksan sou kontribisyon li nan devlòpman ak anrichisman patrimwàn osnon memwa literati natifnatal la. Si m vle site kèk egzanp, mwen kapab rale rapidvit powèt Massillon Coicou (1867 – 1906) ki ekri plizyè tèks an kreyòl, tankou : O zaut’ qu’ape souffri ; Reproches de Ti Yette ; Franck fouché (1915 – 1978) ki ekri plizyè pyèsteyat… : Bouqui nan paradi, Lumiè la pou li lumin, Latibonite ho… ; Cric- Crac, yon adaptasyon kreyòl yon ansanm fab Lafontaine ki pote siyati Georges Silvain. Tit tèks yo ka gentan fè nou wè tout evolisyon ki fèt nan fason premye powèt ak ekriven nou yo te konn ekri lang kreyòl la.

Dieudonné Fardin fè pati gwo lis powèt ak ekriven sila yo ki travay danbann pou bati literati lang Feliks Moriso Lewa a. Nan antoloji « 135 poètes créoles d’Haïti » (2011 nan Editions Choucoune) ekriven, Akademisyen Christophe Charles ekri: « Dieudonné Fardin se yonn nan pyonye pwezi kreyòl an Ayiti. Ou pa ka fè antoloji pou ou pa mete l ». Yonn nan bagay ki te premye rete atansyon m se piblikasyon, yonn dèyè lòt, 4 rekèy powèm kreyòl Dieudonné Fardin nan yon kontèks kote se toupizi reyalite sosyolenguistik peyi a t ap toupizi lang kreyòl. Nan lane 1960 Ti Ben pibliye K…K…Chate, premye rekèy kreyòl li (li potko genyen 25 lane). Fardin fè pati jenerasyon kanson sila a (Ernst Mirville alyas Pyè Banbou, Jean-Marie Willer Denis alyas Jan Mapou, Pauris Jean- Baptiste, Georges Castera, Henry Claude Daniel alyas Jan Tanbou ki te mouri nan Fò dimanch, elatriye) ki te konvenk tèt yo sou nesesite pou devlope pwodiksyon literè nan lang natifnatal la pandan zòt te kontinye ap klèwonnen kreyòl pa lang, kreyòl pa ka mete pwent pye nan salon dore literati.

Powèt Manno Ejèn renmen di jenerasyon jounen jodi a p ap travay ak zong. Wi. Se yon gwo verite e Dieudonné Fardin fè pati grandèt sila yo ki patisipe nan konstriksyon yon memwa literè nan lang kreyòl. Powèt la pibliye toujou nan lang kreyòl Déblozailles (1961) ; Sept Fleurs Soleil (1963), Collier la rosée (1964) ; Laetilia (1965). Tout 4 rekèy yo alawonnbadè se rekèy pwezi otè a ekri kreyòl. Mete sou sa, Dieudonné Fardin, atravè edisyon ki pote non li a, pibliye 2 nan 3 premye woman lang kreyòl ayisyen an : Lanmou pa gen barriè (Emile Celestin mégie, 1975) ak Dezafi (Franketienne, 1975). Mwen pa bezwen menm pale de diskriminasyon lenguistik ki t ap feraye an penpan, an zing dekontraryete nan Ayiti epòk la, kote nan tout espas fòmèl yo, nan mitan « entèlèktyèl » yo se lang franse ki te gen lavwa ochapit.

Nou p ap bliye tou piblikasyon Tim – Tim (Pyè Banbou) ki fè pati premye tèks ki louvri Edisyon Fardin. Li pa te fasil pou yon moun ta pèdi lakat li vin pale bagay serye nan lang kreyòl, nan lang manman plizyè milyon moun ki kwè kreyòl pale kreyòl konprann / se kreyòl nou ye. Poudayè, Franck Fouché tradui byen tandans ki t ap domine epòk la nan yon bèl powèm li ekri an kreyòl ki pote tit Jou va jou vini : Kréol fèt pou neg’ môn/kréol fèt pour pèp-la… An Ayiti, nou. An Ayiti, nou rekonèt anpil fwa, san grate tèt, se lè pa bon pa la nou konn pa bon te bon. Nan « Littérature et philosophie mêlées » li pibliye an 1834, powèt franse, Victor Hugo, deklare kare bare « En littérature, le plus sûr moyen d’avoir raison, c’est d’être mort/Nan literati, mwayen ki pi sèten pou w gen rezon, se mouri pou w mouri (tradiksyon Anivince) ». Nou rekonèt tou, nan kilti nou « rayi chen an di dan l blan / bat men ankouraje chen » elatriye… Bon ! tout aksyon, tout pozisyon se rezilta yon chwa.

Boutofen, nou kapab di jounen jodi a devlòpman literè lang ayisyen an pete plafon. Nenpòt moun kapab pibliye premye zèv li nan lang kreyòl san sa pa wete yon yota sou merit li pou sa. Poudayè, gen ekriven k ap fè literati sèlman an kreyòl (manno Ejèn, Pierre Michel Chéry); Genyen emisyon (Pawòl kreyòl sou Radyo Sinyal), pri literè (Pri pwezi kreyòl Dominique Batraville nan Jakmèl…) ak divès lòt inisyativ pou ankouraje pwodiksyon nan lang lan. Istoryen literè ki enterese ak devlòpman literati kreyòl la rekonèt piblikasyon nan lang kreyòl soti lane 2000 pou rive 2017 (17 lane) bat piblikasyon soti 1750 pou rive 2000 (250 lane) anba tab, sou plan kantite.

Kididonk, konsta pozitif sila yo pa yon bann loray kale. Se rezilta yon bann devouman ak jefò (endividyèl osnon kolektif) Ayiti pa ka pran dwa grandèt majè li kòm pèp san konsyans idantitè ak konsyans lenguistik la pa sèvi li flanbo sou chimen tout desizyon ki konsène jodi ak demen popilasyon an. Jounen jodi a, apre Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj), m ap di leta ayisyen dwe konprann nesesite pou genyen yon kou Literati kreyòl nan lekòl yo. Se pa bout kòd ki rete vwayaj. Se volonte. Ochan pou Dieudonné Fardin, envite donè « Livres en folie 2018 » pou bèl kontribisyon li nan lavi literati kreyòl ayisyen an.

Anivince Jean Baptiste (Tivens)

Direktè Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK)

Comments

comments

scroll to top