Accueil » Diaspora » Enpòtans Kreyòl pou Ayisyen ak etranje

Enpòtans Kreyòl pou Ayisyen ak etranje

13 novembre 2016, 9:16 catégorie: Diaspora45 964 vue(s) A+ / A-

Konferans Jounen Mondyal lang ak kilti Kreyòl.

 

Plizyè Ayisyen ak etranje te reyini nan Caribbean Market Place (5925 NE 2nd Ave, Miami) jedi 27 oktòb pou vin tande pawòl ekriven Jan Mapou, pwofesè inivèsite Nicolas André, lengwis Vye Ewòl ak jounalis etranje Rowan Moore Gerety, kat mesye sa yo t ap diskite sou lang tout 12 milyon Ayisyen pale a, Kreyòl.

Konferans sa a te fèt lavèy Jounen Mondyal lang ak kilti Kreyòl ki selebre chak ane jou 28 oktòb. Òganizasyon ak enstitisyon ki te met ansanm pou reyalize aktivite sa a se Atizan International, FIU, Sosyete Koukouy, Konsila Jeneral Ayiti nan Mayami ak Little Haiti Cultural Complex. Se jounalis Ayisyen James Pierre (MDC -TV) ki te moderatè konferans lan. Yo te debat plizyè sijè nan konferans sa a tankou istwa, devlòpman ak enpòtans lang Kreyòl la genyen pou Ayisyen tankou etranje.

 Ekriven Jan Mapou (Jean-Marie Willer Denis), responsab Libreri Mapou nan Ti Ayiti, te komanse avèk istwa Jounen Entènasyonal lang Kreyòl la. Sean 1983 yo te selebre jounen lang Kreyòl la pou premye fwa. Se “Comité Internationales des Etudes Créoles” (CIEC) ki te pran inisyativ la e se peyi Ladominik ki te pwopoze jou 28 oktòb la. Depi lè sa a moun ki pale tout kalte kreyòl toupatou ap selebre lang kreyòl pa yo (se pa sèl Kreyòl Ayisyen an ki genyen). Ayisyen menm selebre Kreyòl pa li Ayiti, Mayami, Nouyòk ak Kanada. Ann Ayiti ak Kanada menm, se Mwa Kreyòl yo selebre.

Dapre powèt e manm fondatè Sosyete Koukouy la, UNESCO klase lang Kreyòl Ayisyen kòm 32e lang sou latè (moun pale plis pase 6500 lang nan lemonn). Gen yon seri lang se 1000 moun sèlman ki pale yo alòske gen plis pase 12 milyon Ayisyen ki pale Kreyòl, san konte yon kolonn etranje k ap aprann lang sa a chak jou nan lekòl oubyen gwo inivèsite.

Ekriven an te pale ansuit sou istwa ak devlòpman lang Kreyòl la. “Gen plizyè teyori ki eseye esplike kijan Kreyòl la te pran nesans. Men teyori ki plizoumwen an se sa ki di Kreyòl la se yon maryaj lengwistik lang Endyen, Afriken, Panyòl, Franse, Angle elatriye”.

Jan Mapou pousuiv pou di Kreyòl la egziste pi lontan pase jan n te panse. Kreyòl la ap boujonnen depi nan teyat ki te konn fèt nan Sendomeng, Kreyolis la deklare. Pi devan, se an Kreyòl komisè fransè Sontonaks te pwoklame libète jeneral esklav yo nan Sendomeng ak dekrè 29 Out 1793 la. Bonapat tou te ekri yon lèt nan yon kreyòl melanje ak franse voye nan koloni Sendomeng pou negosye ak Ayisyen ki te revòlte yo. “Sa montre aklè kòman politisyen alepòk te konprann nesesite de lang yo pou kominike ak tout moun anjeneral e montre tou kijan lang Kreyòl la te kòmanse pouse rasin”.

Jan Mapou fè konnen touse an Kreyòl (e non pa an Franse) Anri Kristòf te voye an 1808 mesaj selèb li a bay Jeneral Leklè. Li te di jeneral la : “Si w pèmèt ou antre Okap, map fann fwa w, map fout dife toupatou, map redui vil la an sann e menm sou sann nan map kontinye goumen ak ou tèt kale” (vous n’entrerez dans la ville du Cap que lorsqu’elle sera réduite en cendres, et même sur ces cendres, je vous combattrai encore).

Apre Lendepandans, Kreyòl la woule kò l, li pase anba anpil gouvènmanjouk li rive sou Papa Dòk ak Konstitisyon 1964 la ki deklare nan atik 35 lan : «Le français est la langue officielle de la République. Son emploi est obligatoire dans les services publics. Néanmoins, la loi détermine les cas et conditions dans lesquels l’usage du créole est permis et même recommandé pour la sauvegarde des intérêts matériels et moraux des citoyens qui ne connaissent pas suffisamment la langue française ». An bon Kreyòl, Franswa Divalye te deklare franse se lang ofisyèl, lang biwo Leta, men li te mande pou sèvi ak Kreyòl lè pèp la pa konprann franse. Se te yon ti pwogrè men se potko bagay la sa.

Antretan, gwo goumen tap fèt pou mete Kreyòl la sou moun. Se nan objektif sa a yo te vin avèk Mouvman Kreyòl Ayisyen an. Mouvman sa a te derape apre yon konferans ekriven Pradel Pompilus ki te denonse sistèm edikatif Ayiti a ki tap “fòme ti Franse olye ti Ayisyen natifnatal”. Ekriven an te plede pou Leta foure Kreyòl nan lekòl. Rèv sa a te vin reyalize jou 28 septanm 1979 lèLeta te pibliye yon lwa ki fè Kreyòl tounen zouti ansèman nan lekòl. Otorite yo te di konsa : « L’usage du créole, en tant que langue commune parlée par les 90 % de la population haïtienne est permis dans les Écoles comme langue instrument et objet d’enseignement ».

 An janvye 1980, Kreyòl la te fè yon lòt gwo avanse, li te vin genyen yon òtograf ofisyèl; se limenm nap itilize jouk jodi a. Pi devan, nan Konstitisyon 1983 a, Janklod Divalye limenm ta pral deklare Franse ak Kreyòl se “de lang nasyonal” peyi dayiti. Apre anpil goumen ak travay entelektyèl ak defansè Kreyòl te fè, Pèp Ayisyen an vote Konstitisyon 1987 la ki konsakre lang kreyòl la kòm youn nan lang ofisyèl Ayiti.

Kreyòl nan Inivèsite

 Apre entèvansyon Jan Mapou a, Nicolas André te pale limenm sou eksperyans li kòm pwofesè Kreyòl nan inivèsite FIU (Florida International University), youn nan pigwo inivèsite nan Eta Florida. Pwofesè a rakonte gen plizyè kalte moun, Ayisyen kou etranje, ki enterese aprann Kreyòl nan men l. Sepandan, gwoup ki pi enteresan an se jèn Ayisyen Ameriken ki pran kou Kreyòl pou divès rezon.

 « Genyen de gwo rezon : akademik ak pèsonèl. Akademikman, gen etidyan Ayisyen Ameriken ki vle amelyore mwayèn lekòl yo (GPA), genyen se paske lekòl la egzije yo aprann yo lang etranje, gen lòt ki di yap fè rechèch sou lang Kreyòl la. Pèsonèlman, gen etidyan ki di yo bezwen aprann plis sou lang ak kilti yo, genyen ki bezwen ede lòt Ayisyen ki pa pale Anglèkote yap travay la; gen lòt ki di yo bezwen al Ayiti ak òganizasyon imanitè, genyen menm ki sèlman bezwen konnen kòman pou yo di betiz an Kreyòl », pwofesè a esplike. Kanta pou Blan ki bezwen pale kreyòl yomenm, genyen se pou yo ka kominike ak mennaj yo ki se Ayisyen.

Pwofesè a rapousuiv pou l se domaj gen yon seri de paran Ayisyen nan Dyaspora a ki pa montre timoun yo pale Kreyòl. « Genyen ki menm mande timoun nan poukisa li chwazi etidye Kreyòl nan inivèsite », Nicolas André di. « Sa tris paske gen moun ki fin rich nan zafè Kreyòl ; gen moun Depatman Deta peye gwo kòb pou fè rechèch ak devlope lang kreyòl la».

 Enpòtans Kreyòl pou jèn Ayisyen

 Lengwis Vye Ewòl limenm te pale sou enpòtans lang kreyòl pou yon jèn Ayisyen. “Li enpòtan pou paran yo transfere valè kiltirèl yo bay jèn yo. Li enpòtan pou yon jèn Ayisyen ki nan Dyaspora a konnen Kreyòl si l vle konn kiyès li ye, pou l pa konplekse”, syantifik la esplike.

Enpòtans Kreyòl pou yon Etranje

Anfen, Rowan Moore Gerety, jounalis radyo WLRN nan Mayami, te pale sou enpòtans lang kreyòl la pou yon etranje. Jounalis Ameriken sa a, ki pale kreyòl tankou rat, di li bon pou yon jounalis etranje pale Kreyòl ann Ayiti paske “lè w pale ak yon moun nan lang pa l, li pi alèz pou l pale ak ou”.

 Rowan Moore Gerety te rakonte tou yon bagay ki te bay reflechi. Jounalis etranje sa, ki ann Ayiti depi 2010, apre tranblemanntè a, di li pat konprann pouki yo pat janm itilize Kreyòl nan gwo reyinyon ki tap fèt pou rekonstwi Ayiti apre katastwòf la. Pifò diskisyon yo se te ann Anglè oubyen Fransè. Jounalis tap mande tèt li kijan yo pral rekonstwi yon peyi si yo pa konn kisa moun nan peyi a vle. Jounalis la di li remake gen yo baryè lengwistik an moun kap dirije Ayiti ak rès popilasyon an. Gerety rakonte gen yon peyizan Ayisyen ki te di l konsa: “Politisyen Ayisyen, tout sa yo renmen se lajan, pouvwa, fanm, bwè tafya epi pale Franse”.

Tèks Jonel Juste

Comments

comments

scroll to top