Accueil » Culture » Charlot Lucien : Diogène Nèg Mawon

Charlot Lucien : Diogène Nèg Mawon

06 décembre 2017, 9:59 catégorie: Culture2 324 vue(s) A+ / A-

Couverture du CD de lodyans de Charlot Lucien

 

Nan mwa Oktòb 2016, Charlot Lucien soti senkyèm CD lodyans li sou tit Diogène Nèg Mawon. CD a gen sèt istwa ak powèm : Kat telefòn, Diogène anba dekonm, La torche du Roi Christophe, Ochan pou yon etidyan enkoni, Hommage à l’étudiant inconnu, Flanbo libète wa Christophe, e Pawòl Cassagnol la. Diogène anba dekonm se istwa ki pi long sou albòm sa, e se de li nou pral pale nan atik sa.

Diogène anba dekonm gen twa pati. Premye pati a entwodi Diogène, yon jenn gason 18 an, nèg Ile-à-Vache, kap travay nan yon otèl Petyonvil ki gen pou mèt Madan Florence Bonnachi. Se yon jennonm ki aprann angle anba bouch touris, ki te nan vann tablo ak boutèy tranpe, e ki menm konn rap.

Anglè li te kout, franse l tou, men li te degaje l kou mèt janjak pou l kominike ak kliyan otèl la. Pou bwa li jwenn nan men yo te pèmèt li ede manman l ki tap viv nan Bèlè.

Pandan Diogène tap negosye yon kesyon 400 dola, tè ya kòmanse tranble. Se te madi 12 janvye 2010, nan aprè midi. Madan Bonnachi, ki te nan boutik otèl la, kouri soti deyò pou l mande kisa kap pase la.Menm lè sa kay la tou vide sou yo. Yo te ka tou mouri kraze anba dekonm, si se pat yon mèb atelye Raymond Menos ki pwoteje yo kont lam beton.

Anba dekonm, Madan Bonnachi ak Diogène blije sipòte youn lòt pou yo ka rete anvi. Distans ki te separe yo oparavan disparèt. Madan Bonnachi menm mande Diogène pou l rele l Florence. Ran sosyal depafini lè dezas blayi sou ou.

Dezyèm pati lodyans la kouvri tan ke Diogène ak Madan Bonnachi pase ansanm anba dekonm. Pati sa chaje ak emosyon kote otè ya reyisi pentire pou nou kalamite Diogène ak Florence, pandan ke yo kwense anba mèb Raymond Menos la, yo ant lavi e lanmò, yap benyen nan san, e yap soufri de bra yo oubyen pye yo ki krabinen anba mòso beton.

Men kèk nan pawoli Charlot Lucien te simaye nan pati sa : Goudougoudou « se tankou yon kout manchèt jeyan ki te sanble fann anndan zantray latè plizyè kote. Se tankou yon toubiyon envizib ki te pase demanbre, dekonstonbre, demantibile, dechalbore tout sa l te jwenn sou wout li: gwokay, ti kay, bout feray, betay, e menm bèt volay, tout te pase. Kanta lèzòm menm, ondire se te lan degonn yo menm bagay la te debake. Li pran timoun, li pran granmoun, fanm kou gason, nwa, milat, blan. Li voye pase pliske 150 mil moun al nan peyisan chapo, anvan yo te gen tan bat je yo. Anndan kay, moun bite sou mèb, moun bite sou kadav, sou zantray. Yo glise sou san yon vwazen, san yon zanmi, san yon fanmi kite lonje atè-a. Yo di jou sa, menm lonbray sanble te senyen. Syèl la resevwa priyè nan tout lang. »

Nan twazyèm pati ya, Charlot Lucien montre kouman istwa a fini. Mwen pap di nou rès la. Al koute CD a pou nou konnen. N ap tou fè konesans ak sis lòt istwa ak powèm yo ki gen sou albòm sa.

Diogène anba dekonm se yon lodyans ki byen striktire. Twa pati li yo prezante yo chak yon moman enpotan, tankou twa chapit yon liv. Charlot Lucien di istwa a apati pwendvi Diogène. Li pa annik di nou koze sou pèsonaj prensipal sa, men li itilize aksyon ak dyalòg pou l prezante trè karaktè l yo. Li itilize tou yon chante lopera ke Pierre Gardy Fontaine entèprete nan kòmansman lodyans la e ant chak pati yo pou l kreye yon anbyans solanèl ki montre respè ak reverans li devan souvni kalamite zoupendoup sa ak devan depouy tout moun kite pèdi lavi yo.

Avèk Diogène anba dekonm Charlot Lucien ajoute yon may tou nèf nan chenn souvnans dat 12 janvye 2010 ke pèp ayisyen e menm lemonnantye pa pre pou bliye, tèlman dega yo te anpil e soufrans yo te brital.

Mario Malivert

Comments

comments

scroll to top